Lòt Nivo
Epizòd 26: Solitid
Lòt Nivo
Epizòd 26: Solitid

Solitid se petèt youn nan mo ki pi efreyan pou anpil moun lè yo tande l. Li sonnen tankou yon menas pou byennèt, kè kontan, evolisyon ak koneksyon ak lòt moun.
Men e si solitid pa t sèlman yon bagay pou nou gade move kote l? E si solitid la te gen lò ladan l?
Tout lavi m, mwen te fè anpil efò pou m pa poukont mwen. Mwen te antre nan diferan gwoup, travay ak fanm, timoun, ak adolesan pou m te ka toujou gen yon sans koneksyon ak sosyalizasyon. Mwen te antre nan relasyon mwen pa t dwe antre ladan yo sèlman pou m pa santi m poukont mwen, menm lè depi nan kòmansman mwen te santi nou pa t vrèman matche. Sa te rive ni nan amitye ni nan relasyon santimantal.
Mwen pral fè premye eksperyans reyèl mwen ak solitid an 2023, lè mwen deside viv poukont mwen volontèman. San m pa chèche okenn gwoup, okenn relasyon fasad, okenn distraksyon pou vin kouvri vid mwen te santi a. Premye faz solitid sa te anmè kou fyèl.
Mwen leve nan yon fanmi ki gen 6 pitit. Mwen pa t abitye ak sa yo rele dòmi epi leve nan yon kay poukont mwen. Menm chanm apa nou pa t toujou gen chans genyen. Souvan nou te 3 oubyen 4 moun nan menm chanm nan. Menm klozèt pou tout moun, menm douch la, menm gode, menm kiyè, menm espas lavi a.
Lè ou grandi konsa, ou konn reve gen plis espas pou tèt ou. Men lè moman rive ou gen espas sa a vre, ou dekouvri gen yon lòt fas nan istwa a.
Silans. Yon silans ki pa gen bri fanmi ladan l. Yon silans ki fè w remake tout ti detay ou pa t janm pran tan pou apresye. Ou sonje abitid moun yo. Ou sonje blag yo. Ou sonje sipò yo. Ou sonje jan kèk bagay te fasil paske ou pa t bezwen pote tout chay la pou kont ou.
Malgre mwen te deja kite kay paran m depi 2017 pou m te fòme pwòp fwaye pa m, mwen te toujou jwenn lòt kominote pou ranplase sans prezans sa a: legliz, lekòl, òganizasyon, gwoup aktivite.
Men an 2023, mwen pral vrèman aprann sa sa vle di pou viv ak rete poukont mwen. Mwen te oblije aksepte doulè a, aksepte santiman vid la, aksepte silans lan.
E sa ki te pi difisil la, se ke pa t gen okenn bri ankò pou kouvri panse m yo. Pou premye fwa depi lontan, mwen te chita fas ak tèt mwen. Mwen te kòmanse remake kesyon mwen yo, laperèz mwen yo, ensekirite mwen yo, anvi mwen yo.
Kèk nan yo te fè m mal, Kèk nan yo te fè m sezi, men se nan moman sa yo mwen te kòmanse konprann tèt mwen pi byen.
Dezyèm faz solitid sa a te vin tounen youn nan pi bèl dekouvèt lavi m. Paske se la mwen te aprann konnen tèt mwen, koute tèt mwen, aksepte tèt mwen. Se la mwen te kòmanse travay sou mwen pou mwen menm, pa pou satisfè yon gwoup, yon fanmi oswa yon relasyon.
Nan anpil gwoup mwen te fè pati, mwen te adapte m ak règ ak estanda ki te egziste deja. Sa nòmal nan yon sèten mezi, men pafwa nan pwosesis sa a, gen kèk pati nan mwen, m te kite dèyè pou konfòme ak sa yo mande.
Nan fanmi m tou, gen kèk kritik oswa kèk atant ki te fè m chanje kèk bagay lakay mwen pou m pa deranje moun. Apre yon tan, si ou toujou ap adapte w san reflechi, ou ka rive nan yon pwen kote ou pa fin konnen kiyès ou ye ankò.
Solitid ede m mete anpil nan bagay sa yo klè. Li ede m analize kèk chwa mwen te fè. Konprann poukisa mwen te fè yo. Kenbe sa ki koresponn ak mwen, epi lage sa ki pa koresponn ankò.
Mwen vin dekouvri gen kèk bagay mwen te konn fè plis pou m adapte m olye ke yo te vrèman koresponn ak mwen. Mwen vin aprann mwen gen dwa di non san m pa santi m koupab. Mwen vin aprann mwen pa oblije renmen tout sa lòt moun renmen. Mwen vin aprann mwen pa oblije fè menm bagay ak tout moun pou m gen valè. Mwen vin aprann afime konviksyon m menm lè yo pa fè tout moun plezi. Mwen sispann fè sa lòt moun vle kont tèt mwen.
Nan solitid mwen, mwen dekouvri yon fanm ki fò ak sansib an menm tan. Mwen aprann mwen pa oblije chwazi youn pou m rejte lòt la. Mwen aksepte mwen gen bon kote ak move kote nan mwen, menm jan ak tout lòt moun. Se poutèt sa jodi a mwen kapab di ak konviksyon: “Solitid gen lò ladan l.”
Lè li byen jere, li pa izolasyon, li pa abandònman. Li se yon espas ki pèmèt ou wè tèt ou apa de foul la. Yon espas kote ou dekouvri kiyès ou ye lè w retire tout etikèt, tout atant ak tout wòl moun te mete sou ou. E lè ou retounen nan mitan lòt moun apre sa, ou pa retounen kòm yon moun k ap jwe yon pèsonaj. Ou retounen kòm yon moun ki pi otantik, pi reyèl, pi antye.
Petèt solitid pa yon chemen tout moun bezwen pran menm fason. Men pou mwen, li te youn nan pi gwo rankont mwen fè ak tèt mwen.
Nan pwochen pati a, n ap gade kèk nan benefis syans ak rechèch yo dekouvri sou solitid, epi poukisa kèk nan pi gwo transfòmasyon yon moun ka fè nan lavi l konn fèt nan moman kote li aprann rete poukont li.
A swiv….
Ekri pa Nancie Derpilus.
메타데이터
- post_id
- e35df4d6f151
- slug
- lòt-nivo-e35df4d6f151
- url
- https://medium.com/@nancietichitapale/l%C3%B2t-nivo-e35df4d6f151
- canonical_url
- https://medium.com/@nancietichitapale/l%C3%B2t-nivo-e35df4d6f151
- author_url
- https://medium.com/@nancietichitapale
- status
- ok
- fetched_at
- 2026-06-24 04:09:36