Lòt Nivo
Epizòd 28: Atachman
Lòt Nivo
Epizòd 28: Atachman

Èske w konn yon moun ki, depi li renmen yon lòt moun, li kole avè l tankou kreziklou? Ebyen, pandan anpil tan nan lavi m, moun sa a se mwen menm li te ye.
Mwen leve nan yon fanmi kote relasyon ak moun deyò pa t twò ankouraje. Nou te aprann rete ant frè ak sè nou yo. Men kòm mwen te pi piti nan fanmi an, mwen te souvan santi m poukont mwen. Lè m te jwenn yon zanmi oswa yon moun ki te montre enterè pou mwen, moun sa a te vin pran yon gwo plas nan lavi m.
Nan lekòl, mwen te konn gen youn oswa de zanmi sèlman. Lè nou pa t ansanm, mwen te deja ap prepare tout sa m t ap di yo lè nou rankontre ankò. Lè premye relasyon amoure yo te rive, santiman sa a te vin pi fò toujou. Yon apèl, yon mesaj, yon rankont te kapab chanje tout jounen mwen.
Pwoblèm nan se ke mwen te konn mare byennèt mwen ak prezans lòt moun. Lè yo te pran distans, mwen te santi yon vid ki te lou . Avèk tan, mwen vin konprann sa pa t lanmou sèlman. Se te yon fòm atachman ki te depase limit.
Jodi a mwen toujou yon moun ki renmen pwofondman. Men mwen aprann detache. Mwen aprann ke menm lè yon moun enpòtan pou mwen, li pa dwe tounen sant mond mwen.
Atachman se yon bezwen natirèl lakay tout moun. Nou bezwen koneksyon, afeksyon, sipò ak sans ke nou konte pou lòt moun. Se li menm ki pèmèt nou bati amitye, relasyon amoure ak lyen fanmi.
Atachman pa yon pwoblèm an li menm. An reyalite, li nesesè pou devlopman emosyonèl nou. Men kesyon an se: sou ki baz atachman sa a bati?
Atachman ki sen
Yon atachman ki sen baze sou konfyans, respè ak libète. Nan kalite relasyon sa a, ou ka renmen san w pa pèdi tèt ou. Ou apresye prezans lòt la san w pa depann de li pou santi w byen. Relasyon an ajoute nan lavi w, men li pa defini valè w. Nan yon atachman ki sen, de moun yo pa chèche ranpli yon vid youn pou lòt; yo mache ansanm pandan yo chak rete yon moun apa. Youn pa responsab kontantman lòt la, men yo kontribye ladan l.
Ou ka pase tan poukont ou san w pa santi relasyon an an danje. Ou ka eksprime bezwen w san laperèz. Ou ka kite lòt la grandi, chanje, gen zanmi, enterè ak espas pa li san w pa santi sa menase plas ou. Nan kalite relasyon sa a, lanmou pa mande kontwòl. Li pa mande siveyans. Li pa mande pou yon moun abandone tèt li pou kenbe lòt la. Yon atachman ki sen pèmèt nou di: “Mwen chwazi ou, men mwen pa pèdi mwen.”
Lè atachman vin malsen
Atachman vin destriktif lè li soti plis nan yon lespri ki posesif. Ou kòmanse wè lot la tankou yon posesyon ak yon endispansab. Ou pa ba li espas pou li respire. Ou bezwen konnen tout sa l ap fè, kote li ye, ak kiyès li ye. Ou vin gen tandans posesif oswa jalou san rezon klè. Ou fè efò san limit pou kenbe relasyon an vivan, pandan yon bon pati nan vi w neglije, paske relasyon an pran twòp espas. Nan moman sa a, koneksyon an sispann yon sous kap nouri relasyon an, li vin tounen yon ankonbreman, yon chay.
Diferans ant lanmou ak atachman
Lanmou di: “Mwen renmen w, men mwen respekte libète w.”
Atachman malsen di: “Mwen bezwen w pou m santi m byen.”
Lanmou bay espas ak libète. Atachman ki malsen anchene, kontwole, toufe epi kreye pè lakay nou.
Lanmou pèmèt de moun grandi ansanm. Atachman malsen fè youn pèdi tèt li nan lòt la.
Nou tout bezwen koneksyon. Nou tout bezwen moun. Atachman se bèl bagay lè li metrize. Yon relasyon pa fèt pou ranpli yon vid anndan nou. Li fèt pou pataje sa ki deja egziste. Lè ou aprann renmen tèt ou, respekte limit ou, epi bati sekirite enteryè ou, atachman sispann yon chenn. Li vin tounen yon pon ki konekte w ak lòt moun san li pa fè w pèdi kiyès ou ye.
메타데이터
- post_id
- f5e8e14e1ef9
- slug
- lòt-nivo-f5e8e14e1ef9
- url
- https://medium.com/@nancietichitapale/l%C3%B2t-nivo-f5e8e14e1ef9
- canonical_url
- https://medium.com/@nancietichitapale/l%C3%B2t-nivo-f5e8e14e1ef9
- author_url
- https://medium.com/@nancietichitapale
- status
- ok
- fetched_at
- 2026-07-09 15:12:33